Ministè espò nan peyi Gabon deside pran yon seri gwo desizyon aprè eliminasyon Gabon nan CAN lan. Gouvènman an revoke tout estaf teknik la epi yo sispann ekip nasyonal la pou yon ti tan.
Faz gwoup CAN lan fini, divès peyi deja konnen santans yo aprè 3 match yo te gen pou jwe yo. Se ka pa peyi Gabon ki konnen yon eliminasyon malonèt nan CAN 2025 lan.
Seleksyon Gabon an ki te twouve l nan gwoup F la avèk Kotdivwa, Kamewoun ak Mozanmbik fini nan dènye plas la ak 0 pwen. Gabonè yo pa reyisi genyen okenn match nan faz gwoup CAN lan ane sa a. Yo pèdi 1-0 kont Kamewoun nan premye match yo, 3-2 kont Mozanmbik pou dezyèm match yo, yo pèdi 3-2 kont Kotdivwa pou twazyèm match yo pandan yo te ap mennen 2-0 nan match sa a.
Yon eliminasyon ki lakoz gwo tansyon bò kote gouvènman peyi gabonè a ki tou anonse atravè ministè espò yo, yo kanpe seleksyon nasyonal la pou yon ti tan epi yo tou revoke tout estaf teknik la. Sa ki pi grav la gouvènman an deside sanksyone definitivman Aubameyang ak Ecuelé Manga.
Se minis espò enterim lan Simplice Désiré Mamboula ki fè deklarasyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou