Yon mwa anvan dewoulman premye faz eliminatwa CONCACAF pou Mondyal U-17 fanm 2026 lan, seleksyon nasyonal ayisyèn lan kòmanse prepare l sou tèren Parc Sainte-Claire nan ti plas Kazo.
Ayiti ki twouve l nan gwoup C pou premye faz sa avèk Gwatemala, Zile Kayiman, Sentlisi epi Antigwa, tanmen preparasyon li yo kote yon dizèn jèn tifi reponn prezan sou tèren ti plas Kazo an.
Nan nouvo fòma chak lane sa, seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap gen pou jwe premye faz eliminatwa yo sòti 25 janvye pou rive 2 fevriye 2026.
Ti Grenadye yo ki pa t kalifye pou edisyon Mondyal 2025 lan, pral dèyè yon premye patisipasyon pou Ayiti nan Koup Dimond fanm U-17. Pou premye faz sa, premye 6 gwoup yo plis 2 meyè dezyèm ap kalifye pou dezyèm faz lan kote yo pral kwaze 4 meyè ekip nan zòn lan.
N ap note, Ayiti ap jwe match pa li yo lakay Antigwa, yon peyi ki te pote chans pou foutbòl ayisyen an avèk kalifikasyon Grenadye yo pou Mondyal 2026 lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou