AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF pako deside pou match anreta gwoup Nò a pandan dat pleyòf la rive

imaj atik la

31 desanm 2025   Neuvième Junior   458

Dimanch 28 desanm lan, sou Parc Levelt Saint Marc, klèb Baltimore an te gen pou resevwa Fica pou jwe dènye rankont faz gwoup ki ap di si ekip 4×4 lan ap nan Pleyòf ou pa. Men akoz pwoblèm ensekirite ki kontinye ap fè wout li, fyè kolonb yo pa t rive nan lakou Senmak paske wout la te bloke. Jiska jodi a, òganizatè konpetisyon an pako di kilè rankont sa ap jwe.

Aprè klèb Fica a te fin rankontre difikilte sa, responsab LHF yo te sòti yon nòt pou fè konnen rankont lan ranpòte. E depi aprè anons sa, okenn lòt nòt pako pibliye pou fè konnen si Ligue Haïtienne Football gen yon plan pou ta fè match la kapab jwe avan 4 janvye 2026 ki se dat pou pleyòf la ta kòmanse.

N ap raple, pwoblèm sa sòti nan gwoup gran Nò a ki pako gen dènye kalifye a. Sou 8 klèb ki te pran angajman pou patisipe nan D1 ayisyen an, gen 3 ki deja gen biyè nan men yo. Alòske, Real Hope FA okipe dènye plas disponib avèk espwa pou yo ta wè klèb fyè kolonb yo gate pla manje 4×4 la.

Avèk 80% chans kalifikasyon Baltimore genyen an, Real Hope kapab wè espwa yo plonje nan dlo. Tout sa, se akoz tout avantaj la chita bò kote ekip Senmak la ki ap gen avantaj tèren ajoute sou grenn pwen yo jis bezwen pou chanje tablo klasman an. Si dènye match desizif sa pa fini ak yon viktwa an favè 4×4 yo oubyen yon nil, sèl grenn klèb vil Senmak la rete nan konpetisyon an kapab di babay. Men si sa fini an favè yo, se ap yon fyète pou vil la.

Pou faz pleyòf lan, LHF prevwa pou yo demare dimanch 4 janvye. Men jiska jodi a, pa gen okenn kominike ki sòti pou ta di kòman sa ap ye pou dènye rankont Baltimore SC kont FICA a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou