AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Direksyon Laswis pou Hannes Delcroix

imaj atik la

28 Desanm 2025   Jacky Chéry   1324

Daprè enfòmasyon jounalis alman, Florian Plettenberg, defansè entènasyonal ayisyen an, Hannes Delcroix, sou wout pou siyen avèk klèb Swis FC Lugano.


Jwè an ki pa t nan lis jwè Burnley te enskri yo pou sezon sa nan Premier League lan, sou wout pou jwenn yon nouvo destinasyon. Daprè Plettenberg, negosyasyon yo ap avanse seryezman kote vizit medikal lan deja prevwa pou fen semèn sa.

Hannes Delcroix ki genyen 26 lane, fè premye zam li avèk seleksyon nasyonal ayisyèn lan pandan dènye faz eliminatwa Mondyal 2026 lan. Depi kòmansman sezon an, li t ap evolye avèk ekip Rezèv Burnley an.

Si tout bagay pase byen, Hannes Delcroix ta sipoze rejwenn FC Lugano pou dezyèm pati sezon an nan chanpyona premye divizyon Laswis lan. Yon nouvèl ki rive nan yon moman kote jwè an bezwen nan pi bon fòm li pou kapab reprezante Ayiti nan Mondyal 2026 lan k ap fèt ete k ap vini an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou