AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Carl Fred Sainté jwenn yon nouvo klèb

imaj atik la

31 Desanm 2025   Jacky Chéry   1420

Nan yon moman kote n ap prepare n pou rantre nan yon lòt ane, divès jwè pwofite pou chanje destinasyon. Mitan tèren ayisyen Carl Fred Sainté siyen nan El Paso Locomotive FC, daprè sa nou jwenn disponib sou kont ofisyèl klèb lan.


Nan yon piblikasyon ofisyèl, klèb ameriken an k ap evolye nan USL lan anonse Carl Fred Sainté se nouvo jwè yo, san presize kantite lajan ak dire kontra sa.

Daprè Ray Saari ki se direktè espòtif El Paso Locomotive FC lan, Carl Fred Sainté se yon jwè y ap swiv depi kèk tan. « Nou panse li kapab genyen yon enpak siyifikatif sou ekip nou an pou sezon sa », sa nou kapab li nan anons sa.

Carl Fred Sainté te jwe 25 match pandan lane 2025 lan avèk Phoenix Rising k ap evolye egalman nan USL Championship lan. Grenadye 23 lane an te evolye avan sa sou koulè FC Dallas.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou