Malgre li te bitè sou penalite nan kad match final Koup Arabi Sawoudit la, Cristiano Ronaldo fini rankont sa ak yon dezolasyon men mete yon lòt rekò nan karyè l kòm jwè foutbòl.
Fas Al Ahli, CR7 ki se yon abitye nan leve tit, pèdi final sa pou yon twazyèm fwa ak klèb Al Nassr a. Nan final jodi a, Cristiano Ronaldo ki asiste ak echèk sa te oblije leve tèt li anlè, tankou pou li mande Bondye poukisa? Reyaksyon an vini lè ansyen madrilèn lan wè tout bon vre li rate yon lòt tit ak jòn e ble yo.
Nan yon lòt bò, Pòtigè a ki fini rankont lan ak tristès mete yon rekò 100 gòl ak klèb sawoudyen an. Penalite sa li te transfòme a, fè Cristiano Ronaldo vini premye jwè ki make 100 gòl avèk 4 klèb diferan.
Poutan, sa pa rive satisfè CR7 lè nou konnen jan li swaf pran yon tit ak klèb Al Nassr a jis pou li te kapab kouri dèyè malediksyon sa. Men sa pa rive fèt nan final Sipèkoup Arabi Sawoudit la. Ronaldo pral oblije tann chanpyona epi wè nan ki mezi yo kapab chanje sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou