Reds yo pèdi yon katriyèm match youn kole ak lòt nan tout konpetisyon pou sezon an. Dènye defèt yo se kont Manchester United nan klasik anglè a 2-1.
Liverpool ak Arne Slot ap konnen yon move moman malgre yo te byen kòmanse sezon an nan Premier League la. Nan kad uityèm jounen championa anglè a yo tonbe sou pwòp tèren yo 2-1 nan match ki se pi gwo klasik anglè a.
Sou 4 dènye match Reds yo, yo fè kat defèt youn kole ak lòt. Ladan yo 3 defèt nan Premier League la ak youn nan Champions League la.
Liverpool nan katriyèm plas la nan Premier League la ak 15 pwen aprè 8 jounen. Pandan Arsenal se sèl kòk chante nan chanpyona anglè a ak 4 pwen anplis Reds yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou