AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Carl-Henry Elie, karyè yon abit ayisyen ki merite anpil anpil atansyon

imaj atik la

09 avril 2025   Benswilkenson Jean   862

Carl-Henry Elie, yon potorik pwofesyonèl ki ap ede foutbòl grandi nan koze abitraj la.


Carl-Henry Elie, jèn abit ayisyen ki fèt nan zòn kwadèboukè nan yon lokalite ki rele "Galèt Wòch Blanch". Adolphe Elie ak Marie Rosemie Saint-Vil fè Carl-Henry wè jou nan dat 23 jiyè 1991.
Carl-henry se 2èm pitit nan yon fanmi 4 pitit. Li se yon mesye marye ki gen yon pitit (Derby Carla Bianca Elie). Non madanm li se Marie Marthe Martino.

Pasyon Carl Henry nan koze abit pral kòmanse byen lontan nan jenès li depi nan abitre match jèn bò lakay li. Selon deklarasyon l, metye abit la ede l jwenn pèsonalite l e menm pèmèt li benefisye plizyè avantaj nan lavi l.

Carl-Henry fè premye eksperyans li nan lane 2009, nan yon chanpyon katye. Depi aprè premye eksperyans sa, panye sansè lekòl la ta pral chaje ak lòt bèl ekperyans sòti nan chanpyona premye divizyon nasyonal la jouk rive travèse lanmè pou al abitre match kategori jèn pou FIFA ak CONCACAF.

Nan lane 2011 Carl-Henry abitre premye match li pou FHF, se te yon match twazyèm divizyon. Yon match ki te mete fas pou fas ekip pwofesyonèl Bon repos a ak akademi klèb brezilyen Vivarió.

Aprè premye rankont sa, karyè abitral Carl-Henry pral kontinye defile nan diferan divizyon chanpyona nasyonal la. Kote nan lane 2013 li pral abitre premye match li nan dezyèm divizyon. Match ki te mete Roulado de La Gonâve fas Roulado de Source Matelas. Pakou yo te kontinye pi bèl epi ogmante pou jèn abit la. Nan lane 2016, li ta pral abitre premye match li nan elit foutbòl ayisyen an ki se premye divizyon. Rankont sila se te Violette AC kont Cavaly nan estad Silvio Cator a.

Nan lane 2018, Carl-Henry pral ateri nan lis gran lakou. Kote li pral nan lis abit FIFA. Premye match li abitre sou lakou entènasyonal la se te peyi vwazen (Sendomeng) kont Zile Kayiman. Nan menm lane sa li te abitre Giyàn Fransèz kont ekip Gayana. Selon deklarasyon l, depi 2018 jiska dat Carl-Henry toujou abit FIFA. Jèn abit la ki nan Tiers-2 FIFA a manke sèlman 2 etap pou l ta kapab wè non l seleksyone nan lis abit ki ta kapab dirije yon match Mondyal oubyen yon lòt gwo konpetisyon entènasyonal. Sa ki se pi gwo objektif li. Men annatandan, Carl-Henry reve tou dirije yon match Gold Cup oubyen yon match Copa America.

Eksperyans sa yo anrichi karyè abitral Carl-Henry ki reprezante yon sous enspirasyon pou divès jèn ki ta vle lage yo nan metye abitraj la. Karyè Carl-Henry sòti nan chanpyona bò lakay, pase pa chanpyona nasyonal jouk rive abit FIFA. Yon pwogresyon ki ta sipoze yon motivasyon pou divès jèn nan foutbòl la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou