Nan yon mesaj li mete sou kont Facebook li, jwè tout moun konnen sou ti non “Waby”, Angelo Éxilus, anonse li ofisyèlman pa manm Real Hope FA ankò. Atakan ayisyen an ki te make tan li nan koulè Rhinocéros yo, ap chèche yon nouvo defi nan Jamayik avèk ekip Mount Pleasant
Yon mesaj chaje ak emosyon
Men sa Waby te ekri :
“Moman rive pou mwen di yon gwo mèsi avèk klèb ki chè pou mwen an ki se Real Hope FA. Istwa damou ant mwen menm ak klèb sila p ap janm fini.
Mwen pa gen mo ankò pou mwen montre jan mwen rekonesan anvè klèb ki te banm posiblite pou te ekspoze talan mwen yon lòt fwa ankò sou sèn entènasyonal.
Jodi a, mwen pral kapab pwofite yon lòt avanti nan lakou Jamayik aprè mwen ta pral di wi ak Mount Pleasant. Se kòm ki kite Ayiti men nanm mwen rete atache ak si bèl istwa mwen te gen chans ekri sou koulè mayo Rhinocéros yo.
Nan sans sa, mwen ap di anpil mèsi ak tout estaf Real Hope FA, Prezidan, fanatik pou rive sou ti pèsonèl lan. San nou menm mwen pa ap moun mwen ye jodi a e m ap di nou chak nan yon fason oubyen yon lòt kontribiye nan siksè mwen.
Chimen reyisit pa janm fasil, m ap kontinye kenbe flanbo lespwa kèlkeswa kote mwen rive. Rhinocéros yon fwa, Rhinocéros pou tout tan.”
Avèk transfè sa, Angelo Éxilus pral gen opòtinite fè valè li plis toujou sou sèn entènasyonal, e montre kapasite li nan yon nouvo chanpyona. Fanatik Real Hope FA yo ap sonje bèl moman yo te pataje ak jèn atakan sa, ki kite mak li sou klèb la pa jefò, pasyon, ak lanmou pou Rhinocéros yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou