AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Jiskaprezan Chanpyona Nasyonal la poko gen dat: Kilè LHF ap lanse sezon 2026-2027 la menm?

imaj atik la

1e septanm 2026   Steve Pierre   1571

Prèske kat (4) mwa aprè viktwa Violette AC sou Baltimore SC (4-0) nan final Seri Kloti Chanpyona Nasyonal la, anpil kesyon kontinye poze sou avni sezon 2026-2027 la. Aprè final la, responsab Lig Ayisyèn Foutbòl (LHF) yo te fè konnen nouvo sezon an te dwe kòmanse 12 septanm 2026. Men, pandan dat sa a ap pwoche, pa gen okenn kominikasyon ofisyèl ki soti bò kote lig la.


Jiska jodi a premye septanm 2026 la, LHF la rete an silans. Pa gen kalandriye, pa gen règ konpetisyon ki pibliye, ni okenn anons sou reyinyon ak klèb yo. Sitiyasyon sa a kite sipòtè yo, jwè yo ak dirijan yo nan gwo ensètitid sou kòman pwochen sezon an pral dewoule.

Malgre absans enfòmasyon ofisyèl yo, plizyè klèb deja rekòmanse preparasyon yo. Ouanaminthe FC ak Tempête FC pami ekip ki reprann antrènman yo nan lide pou yo pare pou nouvo sezon an. Pou Violette AC, sitiyasyon an diferan yon ti jan, paske chanpyon yo ap patisipe nan CONCACAF Caribbean Cup la. Se poutèt sa ekip la te oblije rekòmanse aktivite li pi bonè pase majorite lòt klèb yo.

Yon lòt siy ki montre klèb yo ap prepare tèt yo se retou Arcahaie FC. Nan yon piblikasyon sou paj ofisyèl li sou Facebook, klèb la anonse li pral fè retou li nan konpetisyon an aprè li pa t patisipe nan sezon 2025-2026 la. Menm si nou pa ko konnen èske l ap nan gwoup nò oubyen sid la. Enfòmasyon sa a ogmante enterè sou pwochen chanpyona a, men li pa reponn kesyon prensipal la: kilè sezon an ap kòmanse vre?

Silans LHF la vin pi remake toujou lè lòt dosye yo ap avanse nan foutbòl ayisyen an, tankou preparasyon ekip k ap reprezante peyi a nan konpetisyon entènasyonal yo. Pandan klèb yo ap tann direksyon klè, anpil obsèvatè estime lig la ta dwe fè menm yon kominike sòti, pou pale sou òganizasyon sezon an pou evite nenpòt konfizyon.

Pou kounye a, kesyon an rete menm jan an: èske sezon 2026-2027 la ap kòmanse 12 septanm jan sa te anonse a, oswa èske gen yon ranvwa ki poko ofisyèlman konfime? Jiskaske LHF la pran lapawòl, sipòtè foutbòl ayisyen yo ap kontinye tann repons lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou