Nan Coupe LFFP wikenn sa, defansè entènasyonal ayisyèn Kethna Louis te kontribiye avèk yon pas desizif nan viktwa FC Fleury fè 2-0 kont Bourges FC.
Aprè plizyè jou absans pou rezon medikal, Kethna Louis retounen nan dezyèm jounen Coupe LFFP a pou jwe premye match ofisyèl li avèk FC Fleury.
Defansè entènasyonal ayisyèn lan ki te titilè nan rankont sa, te fè yon bon debòde sou koulwa goch la pou livre yon pas an retrè pou koyekipye li Emlyne Laurent ki pa t gen twòp difikilte pou fè 2-0 an.
Grenadye 30 lane an rejwenn FC Fleury ete sa nan yon kontra k ap lye l ak klèb la pou tout sezon an. Avan sa, Kethna Louis te pase plizyè sezon ap evolye nan Montpellier HSC.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou