Atakant entènasyonal ayisyèn Laurie Ann Moïse make jodi dimanch lan yon triple pou premye match li avèk Kayseri FK, ki genyen Sultanbeyli Gucu SK (4-3) nan okazyon premye jounen chanpyona fanm Latiki an.
Yon moman espesyal pou atakant Ayisyèn lan ki te prensipal atizan viktwa sa Kayseri FK fè an. Laurie Ann ki te titilè nan pwent atak la avèk nimewo 22 enskri twa gòl, ladan yo youn sou koufran nan tan adisyonèl yo.
Grenadye 25 lane an te ouvè eskò match lan byen bonè (17’), avan Sultanbeyli ta pral egalize anvan fen mitan an. Laurie Ann Moïse ta pral frape ankò nan kòmansman dezyèm peryòd la (49’) pou te rebay Kayseri avantaj la.
N ap note, Kayseri FK ta pral pèdi kontwòl match la pandan yon moman, sa ki ta pral pèmèt ekip advès la egalize epi pran avantaj la. Alòske se segonn ki t ap konte pou match la fini pandan yo te a egalite, Laurie Ann Moïse ta pral pran responsablite l sou yon koufran nan rantre sifas la epi konvèti l pou mete match la (4-3).
Yon viktwa ki vle di anpil bagay pou Laurie Ann Moïse ki non sèlman pèmèt Kayseri FK pran premye twa pwen l nan chanpyona tik la, men tou rekonpanse l pou travay li nan antrènman avèk ekip la depi lè l siyen an.
N ap raple, Laurie Ann Moïse te kòmanse karyè pwofesyonèl li nan Sydney FC nan peyi Ostrali, avan l te pran direksyon Masedwàn Dinò pou l te jwe nan ZFK Ljuboten. Li se tou jwez seleksyon nasyonal ayisyèn lan depi fevriye 2024.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou