Nan 7èm jounen Parva Liga Bilgari a, Septemvri Sofia te deplase sou teren Slavia Sofia. Match la ki t ap jwe nan estad Aleksandar Shalamanov lan, fini 1-1. Rezilta nil ant 2 fòmasyon yo pèmèt Frantzety ak Septemvri pran yon pwen deyò lakay li.

Match setyèm jounen sa, Frantzety Hérard te kòmanse match la kòm titilè pou Septemvri nan atak la. Li te fè pati yon liy ofansif ki te gen ladan l André Liberal ak lòt jwè yo.
Frantzety Hérard ak Septemvri pa tonbe
Aprè li te make gòl viktwa a nan 6èm jounen an kont CSKA 1948 Sofia, Frantzety Hérard te jwenn konfyans antrenè a ankò pou kòmanse kont Slavia Sofia. Malgre atakan ayisyen an pa t jwenn wout gòl fwa sa, prezans li nan onz depa a montre plas li ap pran nan pwojè Septemvri a. Li rete pou n swiv kòman sa ap ye pou rès sezon an.
Nan match sa, ekip Hérard te menm gen plis posesyon (57%) ak plis tir (11 kont 5) pandan match la. Pou yon jwè ayisyen k ap fè non li nan foutbòl bulgè a, Frantzety Hérard kontinye ap voye bon siy kote pal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou