Nan kad match 6èm jounen chanpyona Ongri a, Ferencváros TC ranpòte yon bèl viktwa 2-1 sou teren Puskás Akadémia. Men entènasyonal ayisyen, Lenny Joseph te kite match la byen bonè akoz yon chòk.
Nan kad match 6èm jounen chanpyona Ongri a, Ferencváros TC ranpòte yon bèl viktwa 2-1 sou teren Puskás Akadémia. Men entènasyonal ayisyen, Lenny Joseph te kite match la byen bonè akoz yon chòk.
Lenny Joseph ki te titilè nan atak Ferencváros la, te pral wè avanti a kanpe nan wout. Rezon an, atakan ayisyen an te pran yon kou nan cheviy, li te oblije kite teren an depi nan 14èm minit. Akoz sa, Krisztián Lisztes te oblije ranplase l pou met yon lot jwè nan plas li.
Malgre sòti Joseph la, Ferencváros te rive pran twa pwen yo gras ak gòl Kristoffer Zachariassen ak Krisztián Lisztes, pou yon viktwa 2-1 e pwogrese nan klasman an.
Lenny ki te kòmanse match la kòm titilè, men yon blesi nan cheviy te fòse l abandone batay la bonè. Pa anpeche l rete ak menm motivasyon pou avanse pi devan.
Kounye a, pi gwo kesyon an se sitiyasyon cheviy la kote nòt pako soti pou konnen konbyen tan li pral bezwen pou l retounen sou teren an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou