Komisyon Nasyonal Abit yo (CONA) ak Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) kontinye mete fòmasyon ak devlopman abit yo nan mitan priyorite li yo. Nan dat 25 pou rive 28 dawout 2026, 40 abit ayisyen ki Sòti nan diferan rejyon peyi a te patisipe nan edisyon anyèl kou rafrechisman FIFA-RAP (Referee Assistance Programme), yon aktivite ki vin tounen yon etap enpòtan nan preparasyon kò abit nasyonal la.
Fòmasyon an, ki te fèt anliy pandan kat jou, te bay abit yo okazyon mete konesans yo ajou epi travay sou diferan sitiyasyon ki kapab prezante pandan yon match. Nan yon moman kote foutbòl la ap evolye pi rapid, kapasite yon abit pou konprann aksyon yo, entèprete lwa jwèt la epi pran desizyon rapid rete youn nan pi gwo defi metye a.
Pandan fòmasyon an, plizyè sijè teknik te jwenn atansyon, pami yo fot taktik, fòt ak men (manyen balon an), òje ak fason pou pran desizyon anba presyon. Travay sa yo te vize ede abit yo vin pi konsistan nan entèpretasyon yo epi amelyore kalite desizyon yo sou teren an.
Pou mennen fòmasyon an, CONA te konte sou de enstriktè ayisyen, Joseph Marckingson Natoux ak Jean Olivens Paul. Yo te travay anba kowòdinasyon Pwofesè Joseph Audi, enstriktè FIFA ak CONCACAF ki sòti Kanada, ansanm ak John Pitti, Responsab Devlopman Abitraj FIFA pou zòn CONCACAF la, ki sòti Panama. Konbinezon ekspètiz nasyonal ak entènasyonal sa te pèmèt patisipan yo jwenn yon fòmasyon ki an liy ak estanda abitraj entènasyonal yo.
Prezidan CONA a, Wilson Tilus, te suiv aktivite a pandan Direksyon Abitraj la te jwe yon wòl enpòtan nan planifikasyon, kowòdinasyon ak mete fòmasyon an sou pye. Pou estrikti ki responsab abitraj la, kontinyite kalite fòmasyon sa yo esansyèl pou prepare abit yo fas ak evolisyon foutbòl la ak egzijans konpetisyon modèn yo.
Nan yon moman kote nenpòt desizyon vag kapab enfliyanse yon match, fòmasyon kontinyèl sa reprezante yon zouti enpòtan pou amelyore kredibilite konpetisyon yo. Se poutèt sa travay CONA ak Direksyon Abitraj la pa sèlman konsène pèfòmans abit yo, men li antre tou nan yon vizyon ki vize kontribye nan estrikti ak devlopman foutbòl ayisyen an.
Kou FIFA-RAP 2026 la te rive nan bout li vandredi 28 dawout la, avèk yon dènye sesyon ki te fèt nan prezans M. Yvon Sévère, manm Komite nòmalizasyon FHF la. Fòmasyon sa make yon lòt etap nan pwosesis ranfòsman kapasite abit ayisyen yo, men li pa reprezante fen travay la.
Avèk kontinyite pwogram sa yo, CONA ak Direksyon Abitraj la montre yo vle kontinye mete fòmasyon, mete konesans ajou ak devlopman pwofesyonèl nan sant estrateji yo. Objektif la se konstwi yon kò abit ayisyen ki pi byen prepare, ki kapab reponn ak defi foutbòl modèn nan epi ki ka kontribye nan ogmante nivo ak kredibilite konpetisyon nasyonal yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou