Jean-Kévin ak Omonia Nicosie fè premye match li nan Cyprus League 2026-2027 la, kont Omonia Aradippou (0-0) jodi lendi 31 dawout 2026 la. Match sa jwe nan GSP Stadium avèk entènasyonal ayisyen an prezan nan lis jwè kite konvoke pou rankont sa.
Jean-Kévin ak Omonia Nicosie fè premye match li nan Cyprus League 2026-2027 la, kont Omonia Aradippou (0-0) jodi lendi 31 dawout 2026 la. Match sa jwe nan GSP Stadium avèk entènasyonal ayisyen an prezan nan lis jwè kite konvoke pou rankont sa.
Aprè Jean-Kévin te fè yon bon kòmansman ak Omonia nan konpetisyon Ewopeyen yo, Duverne antre nan chanpyona nasyonal la ak objektif pou pote solidite, eksperyans ak agresivite nan defans lan. Pou ranfòse efektif la, grenadye a te rive nan klèb la nan dat 11 dawout 2026.
Depi lè l fin ateri nan peyi Chip anndan klèb la, li te rive enpoze nan defans pou ede ekip la jwenn kalifikasyon pou konpetisyon ewopeyen yo.
Pou match sa, Duverne te sou ban nan konpozisyon ki te pibliye a, kidonk li pa t kòmanse kòm titilè. Men rive nan 72èm minit, Duverne te antre nan match la pou eseye pote ranfò bay koyekipye li yo ki pa t kapab jwenn chimen filè. Malerezman, grenadye a pa t rive pote yon bagay ki ta pèmèt ekip la chavire advèsè a sou plan ofansif.
Malgre Omonia Nicosie antre nan sezon chanpyona chip la ak anpil konfyans apr3e li te elimine Sint-Truiden nan faz baraj Europa League la, li pa rive jwenn bout Omonia Aradippou ki fè yon nil 0-0 avè l nan premye jounen Cyprus League la.
Jean-Kévin ki apèn rejwenn klèb la e ki pa t kòmanse match la, asiste ak premye echèk ekip li pandan li pral kontinye ak menm objektif la ki se kenbe defans lan solid, genyen dyèl yo epi ede Omonia fè viktwa nan chanpyona a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou