Sou Parc Levelt nan lakou senmak, Real Hope Academy te fè deplasman pou ale pwopoze Baltimore SC yon defi, nan kad match anreta chanpyona nasyonal D1 an. An bon chèf, 4×4 yo leve defi a aprè anpil difikilte pou anpeche Real sòti ak viktwa.
Sou Parc Levelt nan lakou senmak, Real Hope Academy te fè deplasman pou ale pwopoze Baltimore SC yon defi, nan kad match anreta chanpyona nasyonal D1 an. An bon chèf, 4×4 yo leve defi a aprè anpil difikilte pou anpeche Real sòti ak viktwa.
Avèk yon filozofi baze sou posesyon, klèb Real la te demare rankont lan ak yon estrateji pou devye Baltimore. Pou sa, tout jwè yo te patisipe nan elaborasyon jwèt la sòti gadyen pou rive nan atak la. Fason sa te ye a, te fè anpil moun panse klèb 4×4 la t ap konnen yon imilyasyon nan tout sans. Paske fason ekip la t ap pase balon an pou atake klèb lokal la, te pèmèt yo jwenn anpil okazyon. E pami yo, klèb kapwa a te pwofite sou yon kout pye arete pou louvri eskò a gras ak Lebrun Shineilorens. Aprè reyalizasyon sa, wouj yo te kontinye pouse pou tante jwenn yon lòt fay, men yo pa t rive pwofite pou ogmante pwoblèm Baltimore nan premye peryòd la.
Nan dezyèm peryòd la, byen bonè Real te mennen yon aksyon ki te pèmèt yo mennen (2-0) gras ak Steeve Mondestin. Apre gòl sa, ekip la te kontinye pouse jis klèb Baltimore a rive reyalize fòk yo reponn ak defi a pou leve l. San pèdi tan, nan dènye moman rankont lan, 4×4 yo te mete pye sou balon an pou montre sa yo kapab fè.
Kòm rezilta, klèb Senmak la pran revanj nan fen rankont lan ak Amstrong Leconte kite redwi eka ak yon mechan do pat ki al fini nan filè a, epi Stravinsky Dupiton ki transfòme yon penalite an gòl pou mete 2 fòmasyon yo (2-2) ki se eskò final match la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou