AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Melchie Dumornay ap mete estatistik atè nan Ligue Des Champions an

imaj atik la

13 desanm 2025   Steve Pierre   685

Depi premye aparisyon li nan Ligue Des Champions bò kote medam yo, Melchie Dumornay pa sispann make konpetisyon an ak talan li. Ant premye pas gòl li, premye gòl li, ak regilarite li devan kan, entènasyonal ayisyèn nan ap bati, match aprè match, yon baz solid nan pi gwo konpetisyon pou klèb yo an Ewòp.


Melchie Dumornay ap mete estatistik atè nan Ligue Des Champions an

Depi premye aparisyon li nan Ligue Des Champions bò kote medam yo, Melchie Dumornay pa sispann make konpetisyon an ak talan li. Ant premye pas gòl li, premye gòl li, ak regilarite li devan kan, entènasyonal ayisyèn nan ap bati, match aprè match, yon baz solid nan pi gwo konpetisyon pou klèb yo an Ewòp.

Premye istwa Melchie Dumornay nan LDC an te kòmanse 19 mas 2024, nan yon rankont difisil kont Benfica. Jou sa a, jèn mitan teren OL la te kòmanse sou ban an. Li antre sou teren an nan 55èm minit, nan plas Amel Majri, nan yon moman kote Olympique Lyonnais te deja ap pèdi 1-0.

Poutan, antre li a te chanje dinamik match la. Nan 63èm minit, Corventina bay yon pas an fòm talonad pou Delphine Cascarino, ki pèmèt OL egalize (1-1). Anplis enpak rapid vit sa a, ekip Lyonnes nan te jwenn dezyèm gòl la kèk minit aprè epi li fè viktwa a (2-1). Se te premye siy klè enpòtans ayisyèn nan ta pral genyen nan konpetisyon an.

Depi jou sa, Melchie Dumornay deja patisipe nan 19 match Ligue Des Champions, kote li bay 5 pas gòl, sa ki montre kapasite li pou l pa sèlman make, men tou pou l fè jwèt la viv pou ekip li a.

Premye gòl li nan konpetisyon an rive 20 avril 2024, nan yon demifinal cho kont Paris Saint-Germain. Depi gòl sa a, entènasyonal ayisyèn nan pran yon lòt dimansyon devan gòl la. Jiskaprezan, li deja make 12 gòl nan LDC an.

Malgre pèfòmans endividyèl sa yo, siksè kolektif la pa t toujou la. Nan sezon 2023-2024 la, Melchie Dumornay ak OL pèdi final la (2-0) kont FC Barcelone. Nan sezon ki te vin aprè an, ekip lyonè a te elimine an demifinal kont Arsenal, malgre de (2) gòl Corventina te make.

Jodi a, tout siy yo montre yon Melchie Dumornay ki pi detèmine. Nan sezon aktyèl la, apre senk (5) jounen konpetisyon, li ap domine klasman meyè bitè Lig lan ak 4 gòl. Yon estatistik ki alimante espwa OL ak fanatik ayisyen yo, ki reve wè Corventina leve premye twofe Ligue Des Champions li, epi pote non Ayiti pi wo toujou sou sèn foutbòl mondyal la.

KÒMANTÈ

Trevor Penny 14 des 2025, 5:52 AM
Hi Team, I typed your main service keywords into Google today, and I noticed something frustrating. Your website is professionally designed, but it’s buried on Page 2. Meanwhile, 2 or 3 of your direct competitors, who frankly have weaker websites than you—are sitting at the top of Page 1. They are effectively "stealing" leads that were looking for you. They aren't better than you; they just have better SEO signals. I’ve already analyzed exactly what they are doing differently. If you want to see the comparison report, just reply "Yes" and I’ll send it over. Cheers, PMP
    

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )