Mitan tèren ayisyen an Jean Ricner Bellegarde ki te sòti sou blesi aprè l te fin make gòl fas Manchester United wikenn pase a, pral gen pou pase anviwon 6 semèn san jwe boul selon antrenè Wolverhampton lan
Rob Edwards ki se antrenè klèb Wolverhampton lan poko fè yon grenn viktwa ni match nil depi li pran tèt ekip la. Kotch la bay yon sinyal sou blesi entènasyonal ayisyen an Jean Ricner Bellegarde nan match kont Manchester United la.
Selon Edwards, Jean Ricner Bellegarde ap soufri ak yon ichyojanbye ki kapab fè l pase anviwon 6 semèn san li pa jwe foutbòl. Ekip Wolverhampton lan ki deja plonje nan yon tou fènwa p ap ka konte sou sipèsta ayisyen an pandan 6 semèn k ap vini la yo.
Pandan tan sa Wolverhampton nan bon dènye plas Premier League la aprè 16 match ak 2 pwen sèlman. Wolves yo sot konnen yon 10èm defèt youn dèyè lòt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou