Nan yon kontèks kote atlèt yo pa sispann pèdi fòm yo lè yo sòti anba gwo blese, nou konstate Claire Constant k ap reprann li timidman avèk DC Power nan USL Super League lan.
Defansè entènasyonal ayisyèn lan, ki repran tèren foutbòl pandan mwa novanm ki sot pase an aprè blese li te pran nan mwa dawout la, jwe jodi samdi an pou premye fwa kòm titilè avèk DC Power.
Grenadye an patisipe nan match nil DC Power fè an deplasman (2-2) kont ekip Lexington SC an. Nan okazyon sa, Claire Constant jwe tout match la.
Defansè ayisyèn 26 lane an retounen pote solidite li an nan ban defans DC Power an ki pa byen pozisyone nan klasman USL Super League lan. DC Power se avan dènye nan chanpyona a avèk sèlman 14 pwen aprè 13 match.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou