Mitan tèren seleksyon nasyonal ayisyèn lan, Anyssa Ibrahim, reyalize yon triple jodi dimanch 14 desanm lan avèk Le Mans FC nan dezyèm tou federal Coupe de France.
Nan yon match fasil ki fini 12-0, Anyssa Ibrahim pa rate okazyon pou gonfle chif karyè pwofesyonèl li. Kont ekip amatè Marnaval SC, mitan tèren ayisyèn lan te desizif avèk triple sa li make jodi dimanch lan.
Grenadye an ki te demare nan onz titilè an, te enskri gòl li yo nan 35èm, 52èm ak 53èm minit. Twa nouvo reyalizasyon ki mete mitan tèren ayisyèn lan ak 5 gòl sou sezon an.
N ap raple, Anyssa Ibrahim se ansyèn jwez Club Albergaria nan premye divizyon Pòtigal. Jwez 26 lane an rejwenn Le Mans FC nan Seconde Ligue lan, pou yon premye eksperyans nan foutbòl fransè an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou