Malgre laj, Johny Placide pa sispann reyalize yon seri gwo pèfòmans anba kan an. Wikenn ki sot pase an, Gadyen ayisyen an te jwe yon gwo wòl nan match nil SC Bastia fè kont AS Saint-Étienne lan (2-2).
Avèk yon pas desizif epi yon penalite li kenbe, Johny Placide se te pratikman pi gwo pèfòmans yon jwè ayisyen pandan wikenn ki sot pase an. Kapitèn seleksyon ayisyèn lan te sove SC Bastia sou plizyè lòt aksyon li te ka pran gòl.
Gadyen entènasyonal ayisyen an te lanse yon yon balon depi nan sifas pa li an pou atakan ekip li an, Felix Tomi, ki te twonpe tout defans Saint-Étienne lan pou te kapab pèmèt Bastia mennen 2-1. Menm Johny Placide sa ta pral sove ekip li an nan fen match (87') sou yon penalite li te kenbe epi anpeche defèt lan.
Daprè Sofa Score, Johny Placide reyalize 8 arè nan match fas AS Saint-Étienne lan. Yon pèfòmans ki montre nivo enpak gadyen ayisyen an nan rezilta SC Bastia, ki malerezman p ap twò byen mache nan chanpyona a.
Aprè kalifikasyon seleksyon nasyonal ayisyèn lan pou Koup Dimond 2026 lan, Johny Placide ki gen 37 lane kontinye ap montre pi wouye pi koupe. Avèk SC Bastia, lejann ayisyen an kontinye pote ekip lan sou do l nan batay y ap mennen pou pa desann nan twazyèm divizyon sezon sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou