AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU Klasman Bitè yo apre 4èm jounen : Gilot Christopher pran tèt lis la

imaj atik la

15 desanm 2025   Steve Pierre   620

Aprè kat (4) jounen konpetisyon nan Lig Pòtoprensyèn Futsal la (LIPOFU), sezon 2025-2026 la, batay pou tit meyè bitè a deja byen anime. Plizyè atakan ap fè balon an tranble filè yo, men se Gilot Christopher ki pran devan tout rès yo.


Atakan Flambeau Academy a ap viv yon kòmansman sezon tèt chaje. Avèk 9 gòl deja, Gilot chita sou tèt klasman bitè yo, gras ak efikasite li devan gòl ak enpak li nan jwèt ekip li a. Chak match, li konfime li se youn nan pi gwo menas lig la genyen jounen jodi a.

Dèyè li, konpetisyon an rete trè sere. Laneus Philippe (BwaKayiman FC) ak Bien-Aimé Chrisley (IZI Team) ap swiv li ak 8 gòl yo chak. De (2) jwè sa yo montre yo regilye, sa ki fè kous la pou meyè bitè a rete louvri.

Nan twazyèm vag la, nou jwenn Dumijour Adamas W.K (Shelcy FC), Amede Peterson (Santos FCF) ak Guillaume Wood P. (FC Bel Efò), yo chak ak 6 gòl. Twa atakan sa yo kontinye peze sou defans advèsè yo.

Plis anba nan klasman an, Louis May Kenmbe (AFC Delmas) ak Gedeon Stephayder B. (FC Bel Efò) gen 5 gòl yo chak, pandan Balthazar Lens New B. (BwaKayiman FC), St Juste Wislet (Flambeau Academy) ak Delva Stanley (ADJ FC) konte 4 reyalizasyon.

Finalman, ak 3 gòl chak la, Jean Mario (AFC Delmas), Rouanez Hernandez S. (Shelcy FC) ak Matheus Thony (Flambeau Academy) ap eseye rete nan ritm la ak lespwa pou monte pi wo nan jounen k ap vini yo.

Aprè kat jounen sèlman, yon bagay klè : kous pou tit meyè bitè LIPOFU 2025-2026 la byen lanse. Si ritm sa a kontinye, sipòtè futsal yo ka atann yo ak anpil emosyon ak anpil gòl nan rès sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )