AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Gilot Christopher kontinye briye, Flambeau AC kraze Bwakayiman FC

imaj atik la

15 desanm 2025   Steve Pierre   176

Flambeau AC voye yon gwo mesaj bay tout rès ekip yo nan Lig la apre li fin pase Bwakayiman FC anba men li sou eskò (9-3), nan kad 4èm jounen sezon 2025-26 Opération Futsal 2026 la. Nan mitan demonstrasyon sa a, yon non tounen refren : Gilot Christopher.


Vrè metronòm atak Flambeau AC a, Gilot Christopher te fè yon lòt pèfòmans eksepsyonèl. Avèk kat (4) gòl (8’, 27’, 35’, 37’), li te dirije atak ekip li a san pitye, konfime estati li kòm meyè bitè lig la ak 9 realizasyon depi kòmansman sezon an. Yon dominasyon ki fè l merite tit MVP match la san okenn diskisyon.

Anplis Gilot, Flambeau AC te montre yon gwo fòs kolektif. Altidor Peterson (17’), Matheus John (25’, 39’), Moïse Peterson (38’) ak Duverne Yves A.L (39’) te mete non yo sou lis bitè yo, sa ki te pèmèt Flambeau AC pran kontwòl match la totalman, malgre kèk reyaksyon bò kote advèsè a.

Pou Bwakayiman FC, malgre defèt la lou, ekip la te eseye leve tèt li gras ak gòl Laneus Philippe C. (18’) epi ak de (2) gòl Balthazar Lens N.B fè (25’, 32’). Men efò sa yo pa t ase pou frennen vag atak Flambeau AC a, ki te pi òganize, pi rapid, pi efikas devan gòl la.

Avèk viktwa sa a, Flambeau kenbe tèt klasman an ak 9 pwen pou sezon sa, pandan Gilot Christopher ap kontinye make teritwa li kòm atis prensipal lig la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )