UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Milan AC pa rive chanje sitiyasyon li devan klèb Olandè a

imaj atik la

18 fevriye 2025   Neuvième Junior   739

Fas ansyen klèb li, Santiago Gimenez ki te pran wout Milan AC pou 32 M€, te bezwen 37 segond pou frape kont ansyen ekip li Feyenoord. E pa respè pou ekip la, nouvo rekri klèb italyen an pa t chwazi selebre gòl sa.


Fas ansyen klèb li, Santiago Gimenez ki te pran wout Milan AC pou 32 M€, te bezwen 37 segond pou frape kont ansyen ekip li Feyenoord. E pa respè pou ekip la, nouvo rekri klèb italyen an pa t chwazi selebre gòl sa.



Match sa jwe nan kad retou faz baraj Ligue des Champions sezon 2024/2025 lan. Nan premye tèt pou tèt la, klèb milanè a te tonbe (1-0) lakay olandè yo. Nan retou a, Rafael Leão wè koyekipye li yo avè l pa chanje sitiyasyon an pou fè li tounen an favè klèb Milan an.



Nan Guiseppe Meazza, Théo Hernández ki te pran yon katon wouj akoz similasyon wè vizitè yo egalize nan 73èm minit pou mete eskò a (1-1). Gras ak egalizasyon sa, klèb Olandè a ki kenbe konsa fini rankont lan avèk avantaj la (2-1) sou ansanm 2 match yo. Konsa, Feyenoord rache biyè pou ale jwe 8èmfinal C1 an pandan Milan pran pòt deyò a nan konpetisyon sila.



Malgre yon bèl pèfomans pou pwoteje Sergio Conceição yo nan kòmansman rankont lan, ekip Milan an pa rive fè diferans lan ki koute yo eliminasyon yo nan konpetisyon ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )