Twazyèm jounen chanpyona nasyonal la jwe jodi a. Pami afich yo Tempête FC kontre ak Triomphe AC nan kad match retou yo nan chanpyona nasyonal espesyal la.
Malgre yo te panike nan kòmansman match la, Tempête finalman sòti ak yon bèl viktwa (3-2) pandan yo te mennen 2-0 sou yo.
Byen bonè nan premye mitan an, Michel Schweitkov te Louvri eskò a pou ekip Triomphe AC a depi nan 15èm minit. Kèk minit aprè Yves Dorimen moun plis konnen sou non Bafana ta pral double eskò a pou ekip Triomphe AC a. Bèl kolonn yo rate plizyè aksyon kote yo pa t pwofite sou feblès defansif 700 panik yo nan premye mitan an.
Nan dènye minit premye mitan an, pwoteje Rolph Odson Joseph yo redwi nan eskò a sou pye Wisnadin Augustin nan 45+2 minit. 2 ekip yo antren nan vestyè sou yon eskò 2-1 nan avantaj ekip Triomphe AC a.
Nan dezyèm mitan an, ekip Tempête a pral pran yon lòt opsyon. Yo arive jwenn yon penalite epi Rosemond Olive pral konvèti l nan 65èm minit.
Peterson Jr Joseph pral bay ekip Tempête la premye viktwa l nan chanpyona a nan 78èm minit lè li make 3èm gòl la pou ekip Tempête la.
Aprè match sa a Bèl kolonn yo vini ak 5 pwen nan klasman an. Yo fè 2 match nil epi genyen youn.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou