AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kiyès k ap sou ban Ouanaminthe FC jodia pou 3èm jounen chanpyona a?

imaj atik la

6 avril 2025   Steve Pierre   728

Aprè revokasyon antrenè Ernst Bazile nan dat 2 avril 2025 pase a, anpil kesyon te poze sou kiyès k ap pran tèt ekip Ouanaminthe FC pou kontinye rès sezon an. Pandan klèb la poko anonse ofisyèlman yon nouvo antrenè prensipal, se asistan antrenè a Sylien Abdias k ap asire enterim nan pou ekip la pou pwochen randevou yo.


Jodi dimanch 6 avril 2025 lan, apati 4è aprèmidi, Ouanaminthe FC ap vwayaje pou al jwe kont ekip Real Hope FA, chanpyon an tit yo, nan pak Résigné a, nan vil Milo. Match sa a antre nan kad twazyèm jounen chanpyona nasyonal espesyal la pou Gwoup Nò a.

Aprè de (2) defèt youn aprè lòt kont FICA (3-1) epi ASC (0-1), OFC jiskaprezan pa genyen okenn pwen, epi li klase dènye nan gwoup la. Sitiyasyon sa a mete ekip la anba gwo presyon pou eseye ranmase premye pwen li oswa premye viktwa li nan konpetisyon an.

Se pa t yon sipriz pou moun ki swiv ekip la wè se Sylien Abdias, ansyen bra dwat Bazile la, ki pran tèt ekip la pou moman an. Responsablite li ap lou: remobilize yon ekip ki san konfyans, ranje yon defans ki pran 4 gòl nan 2 match, epi relanse yon atak ki sèlman make 1 gòl depi kòmansman sezon an.

Pou Sylien match kont Real Hope a reprezante yon okazyon pou montre kapasite li sou ban an, menm si li ap fè fas ak youn nan ekip ki pi estab ak plis eksperyans nan lig la. Real Hope FA, ki te pèdi (1-0) kont FICA nan 2èm jounen an, ap chache retounen sou wout viktwa, sa ki fè konfwontasyon an ap difisil pou Kapitèn yo.

Yon bon rezilta kont Real Hope ta kapab lanse sezon Ouanaminthe FC an e petèt mete Sylien Abdias nan bon pozisyon pou konsidere l kòm yon chwa serye pou dirije ekip la jiskaske gen yon antrenè ofisyèl. Tout je ap fikse sou Pak Résigné a pita pou wè si OFC ap kontinye desann, oswa si yo kapab jwenn respè yo nan batay Gwoup Nò a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )