Chanpyona nasyonal espesyal la ap kontinye jodi dimanch 6 avril 2025 ak yon bèl afich nan Gwoup Nò a. Pita a 4è, sou teren Parc Résigné a nan vil Milo, Real Hope FA ap resevwa Ouanaminthe FC pou twazyèm jounen konpetisyon an.
Match sa a gen yon gou espesyal pou tou de (2) ekip yo. Ouanaminthe FC ap eseye chape anba yon seri move rezilta, pandan Real Hope FA ap chèche retounen sou bon chimen aprè yon demaraj difisil.
Aprè 2 premye jounen yo, Ouanaminthe FC se sèl ekip ki poko ranmase okenn pwen nan gwoup la. Yo pèdi (3-1) fas ak FICA epi (0-1) kont ASC sou teren pa yo nan Parc Notre-Dame nan. Move pèfòmans sa yo te lakoz klèb la revoke antrenè Ernst Bazile, e se asistan li Sylien Abdias ki pran tèt ekip la kòm antrenè enterimè.
Real Hope FA, pou pati pa li, te fè match nul ak ASC (2-2) nan premye jounen an, e yo pèdi (1-0) kont FICA nan dezyèm jounen an. Sa vle di ekip kwapa a genyen 1 pwen sou 6 posib, yo pral bezwen viktwa pou rete kole ak tèt tablo a kote FICA deja genyen 6 pwen.
Lis konvoke Real Hope FA
Antrenè Harry Louis fè chwa 20 jwè pou match la:
Gadyen:
1- Odélus
2- Williamson
Defansè:
3- Peterson
4- Michael
5- Sterlin
6- Alcimé
7- Charles
8- Fernandes
9- Valdory
Mitan tèren:
10- St-Fleur
11- Ramy
12- Euchny
13- Fenelon
14- Djouby
15- Nendy
Atakan:
16- Steeve
17- Clerger
18- Bernard
19- Denickson
20- Jules
Lis konvoke Ouanaminthe FC
Pou premye match li kòm antrenè prensipal, Sylien Abdias fè apèl ak 20 jwè tou:
Gadyen:
1- Dedelson François
2- Immacus Lubin
Defansè:
3- Dieusel Pierre
4- Junior Paul
5- Raphelite Philistin
6- Phady G. Ovil
7- Etienne Roody
Mitan tèren:
8- Junior Sené
9- Roobens Philogène
10- Fanex Pierre
11- Guensly Mompoint
12- Louibenn Sinor
Atakan:
13- Widjoly Minoche
14- Dave Altidor
15- Frantz Moïse
16- Serglin Cherfils
17- Willinx Joseph
18- Alex Mompremier
19- Miralson Dieujuste
Yon misyon delika pou Sylien Abdias
Sylien Abdias, ki se te adjwen Ernst Bazile, ap jwe yon wòl kle nan tantativ Ouanaminthe pou relanse sezon li. Avèk yon atak ki poko make plis pase 1 gòl nan 2 match epi yon defans ki deja pran 4 gòl, li gen anpil travay pou l fè. Match kont Real Hope la ap premye egzamen serye l nan tèt OFC.
Ni Real Hope ni Ouanaminthe bezwen 3 pwen yo pita Pou Real Hope, se pou pa kite FICA sove ak tèt gwoup la. Pou OFC, se pa sèlman pou jwenn premye pwen yo, men tou pou remonte moral ak fè moun mete konfyans yo ankò nan ekip la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou