Nan eliminatwa CONCACAF pou mondyal U-17 feminen an, Ayiti konnen pi gwo defèt nan istwa l depi lè konpetisyon sa kreye, fas Meksik yo pèdi 12-0 ayè samdi an. Rèv pou te jwe mondyal U-17 feminen pou premye fwa a pase akote.
Nan eliminatwa CONCACAF pou mondyal U-17 feminen an, Ayiti konnen pi gwo defèt nan istwa l depi lè konpetisyon sa kreye, fas Meksik yo pèdi 12-0 ayè samdi an. Rèv pou te jwe mondyal U-17 feminen pou premye fwa a pase akote.
Se vre rezilta yo katastwofik, avèk yon bilan 2 defèt nan 3 match epi yo pran 21 gòl, men li enpòtan pou n mete aksan sou kijan seleksyon ayisyèn sa rive jwe konpetisyon an. Patisipasyon sa sove Ayiti ki te kapab tonbe anba sanksyon CONCACAF epi peye amann.
N ap note, nan twa match sa yo, Ayiti te sèlman genyen yon efektif 15 jwez, akoz yon pati nan delegasyon an te rete bloke nan peyi an pou rezon viza. Malgre chanjman ki te fèt nan lis lan nan dènye minit, nou pa t reyisi jwenn plis jwez disponib pou konpetisyon an.
Jwez sa yo ak yon pati nan staf teknik lan ki t ap prepare depi plizyè mwa nan Pòtoprens, pa t genyen posibilite vwayaje akoz tranzit yo pa t ka fè sou teritwa domiken an, daprè sa Federasyon an te fè konnen. Yon sitiyasyon ki ta pral kreye kòm altènativ rasanble timoun ki deyò yo yon ti tan sèlman anvan premye match lan.
Aprè Ella Marie Etienne ki te rive yon jou anvan kòmansman konpetisyon an, rès 14 jwez yo ta pral rive nan lannwit anvan jounen premye match lan. Yon rankont yo ta pral pèdi 8-0 kach.
Malgre viktwa Grenadye yo fas Bèmid nan dezyèm match lan (4-1), move kondisyon planifikasyon ak preparasyon seleksyon sa ta pral lakoz katastwòf sa ki rive ayè samdi an ak defèt 12-0 fas Meksik lan. Yon match Ayiti jwe ak sèlman 13 jwez, akoz katon wouj gadyèn ekip lan, Kalea Tranchant, te pran nan match Bèmid lan epi absans Melody Pauyo ki te blese depi nan 5 premye minit match fas Kostarika a.
Akote rezilta ki fè nou mal, li enpòtan pou n salye kouraj timoun sa yo ak paran yo ki te fè sakrifis pou reprezante Ayiti nan eliminatwa sa. Nan premye match lan, ti medam sa yo jwe san yo pa t menm gentan antrene akoz yo te rive trè ta nan aswè.
Lòt sa nou dwe siyale, se dilijans ki te fèt pou te kapab rive ak timoun yo Meksik akoz federasyon an pa t menm anmezi pou te voye biyè avyon pou timoun yo ak paran yo. Ayiti elimine, men eliminatwa U-17 lan ap tounen lòt ane. N ap genyen opòtinite wè anpil nan timoun sa yo ankò ki genyen 14 15 lane. Rès yo ki pi gran an, n ap espere y ap kapab konstwi baz pwochen seleksyon U-20 k ap genyen pou monte nan 2 lane ankò an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou