AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Real Hope tonbe fas Ouanaminthe nan yon match ki te genyen anpil entansite

imaj atik la

6 avril 2025   Gamarck Antoine   506

Real Hope ki te tonbe 1-0 nan dezyèm jounen chanpyona espesyal la, fas ekip Fica, bite nan twazyèm jounen an 0-1 pandan l t ap resevwa ekip Ouanaminthe lan nan Parc Résigné dimanche 6 avril la.


Se te de ekip ki te swaf viktwa, tou de te tonbe nan dezyèm jounen chanpyona a, sa ki te menm pouse ekip Ouanaminthe lan chanje antrenè l nan mitan semèn ki sot pase a, de ekip yo te bay kò ak nanm yo nan yon match ki te genyen anpil entansite. Sitou kèk jwè tankou Louibenn Sinor, Widjoly Minorche, Roobens Philogène bò kote Ouanaminthe.

Ekip Ouanaminthe lan te ouvè eskò a nan 20èm minit ak Minoche aprè Paloulou te ba l yon pas, aprè gòl sa jwè Real Hope yo te tante jwenn egalizasyon avan poz la men Ouanaminthe te reponn li e jere avantaj eskò a.

Ouanaminthe te delivre yon volim boul nan dezyèm peryòd la, Real Hope te kanpe epi defann kan l pou pan pran yon dezyèm gòl, ekip Real Hope la te fè plizyè pèse nan fen match la sa ki pa t chanje eskò a ki bay Ouanaminthe 3 pwen enpòtan sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )