FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

Jonathan David bay randevou pou di sa li ap fè nan fen sezon an

imaj atik la

22 fevriye 2025   Neuvième Junior   655

Jwè 25 lane a kapab kite Lille pandan mèkato a sitou akoz kontra li ki sou wout fini, akoz de sa, kanadyen an te reyaji sou sijè a pandan li te pale sou plan li genyen.


Nan dat ki te 10 dawout 2020 an, entènasyonal kanadyen an Jonathan David te siyen yon kontra avèk klèb fransè a Lille pou 5 lane.

Jwè 25 lane a kapab kite Lille pandan mèkato a sitou akoz kontra li ki sou wout fini, akoz de sa, kanadyen an te reyaji sou sijè a pandan li te pale sou plan li genyen.

"Wi, mwen ap lib nan fen sezon an. E konsènan fiti m, mwen gentan espere evolye, vin yon meyè jwè, jwe nan pi gwo klèb mond lan, si sa vini pou fèt. Men anvan tout sa, mwen vle pran plezi, pa janm bliye foutbòl la se plezi. Mwen te kòmanse foutbòl la paske mwen renmen l. Menm si l vin yon metye, mwen dwe raple m chak maten mwen leve pou foutbòl, yon bagay mwen renmen anpil. Deklarasyon jwè a pou yon jounal.

"Tout moun ap konnen lè tan an rive, sa vle di nan fen sezon an. Mwen p ap pwononse anvan. Mwen vle anvan sa byen fini sezon mwen an. Fen sezon an parèt eksitan, mwen vle byen jwe ak ede ekip la. E lè sezon an fini, desizyon an ap pran epi anonse". Se sa David te kontinye reponn ak kesyon ki konsène kontra l anndan klèb Lille la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )