FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

Yo arete Radja Nainggolan pou trafik dwòg

imaj atik la

27 janvye 2025   Gamarck Antoine   901

Yo arete Radja Nainggolan pou trafik dwòg


Pandan l avanse nan fen karyè foutbòl li, Radja Nainggolan ki genyen 36 lane, Mitan teren bèlj la te pase nan AS Roma, Inter Milan, aprè pakou l nan peyi Itali li te depoze malèt li nan peyi Bèljik, li te pase nan ekip Royal Antwerps la, pou moman an li nan ekip Lokeren nan dezyèm divizyon peyi Bèljik. Li te konen yon bon kòmansman ak nouvo ekip li, pou premye match li vendredi ki sot pase a li te fè gòl pou pèmèt ekip li fè 1-1 ak ekip Lierse la. Daprè enfòmasyon Media House ki se Jounal nan peyi Bèljik Radja Nainggolan arete nan kad yon ankèt pou trafik dwòg.



Julien Moinil ki se yon pwokirè deklare:



«Ankèt la retrase enplikasyon prezime foutbòlè a kòmkwa li ta fè vini Kokayin sòti nan Amerik Disid pou ale an Ewòp sa fèt sou waf Anvès la, epi ditribiye yo nan peyi Bèljik. Nan kad yon dosye seksyon ki jere pati Krim nan pakè Briksèl konfye yon jij enstriksyon briselwa. Lapolis Federal Briksèl bay 30 pèkizisyon lendi 27 janvye 2025 lan, prensipalman nan pwovens Angè nan vil Briksèl, e nan zòn vwazen vil Briksèl. Entèwogasyon yo ap fèt pou moman an nan kad prensip prezonpsyon inosans lan, pa gen okenn kòmantè ki ap fèt sou dosye sa ».

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )