City pran de (2) chaplèt nan men Arsenal pou kòmanse mwa fevriye sa.
Mwa fevriye a mal kòmanse pou Manchester City. Pou demare ane a, ni ekip medam Manchester City yo, ni ekip mesye yo, tou 2 te genyen randevou ak Arsenal pou demare mwa fevriye yo a.
Anvan mesye yo te konnen sò pa yo a, medam yo te gentan pran bwa kale maten an 3-4 nan kad 13èm jounen Premier League bò kote medam yo.
Kanta pou mesye yo, se imilyasyon total kapital nan Emirates Stadium lan. Gunners yo pase yon frèt kach 5-1 nan do Manchester City.
5 gòl ak 5 bitè diferan. Declan Rice bay 2 pas gòl nan match la pandan Kai Harvertz li menm make yon gòl epi bay yon pas gòl.
Defèt sa toujou kite Manchester City nan 4èm plas la ak 41 pwen. Pandan Arsenal li menm ap kalbende kò l nan dezyèm plas la ak 50 pwen.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou