Yon ekip 2èm divizyon fè yon gwo eksplwa lè li elimine Liverpool nan FA Cup la.
Gwo sezisman nan foutbòl anglè a jodi a. Plymouth yon klèb ki nan Championship la elimine Liverpool ki nan tèt chanpyona anglè a.
Plymouth Argyle ki jwenn ouvèti eskò a depi nan 53èm minit sou penalite te kwoke zo sa nan gòj Reds yo ki pa t rive egalize.
Yon penalite jwè ekosè 27 lane a Ryan Hardie te transfòme. Malgre 75% posesyon balon ak 14 chout nan kan Reds yo te kanmèm pran nan pyèj klèb dezyèm divizyon an.
Match sa sinonim eliminasyon pou ekip Liverpool la nan FA Cup la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou