Fanatik klèb Bareau FC a touye yon jwè klèb Katsina United la akoz li make gòl egalizasyon pou ekip li kont yo.
Yon gwo dram pase wikenn sa nan mond foutbòl la. Nan peyi Nijerya nan NPFL ki se chanpyona peyi nejeryèn lan, ekip Katsina a te ap jwe kont Bareau FC nan kad 12èm jounen NPFL la samdi dènye.
Ekip Katsina United la t ap mennen 1-0 nan match la. Lè yo rive nan 69èm minit, Orji Kalu Okagube egalize pou ekip Bareau FC a. Fanatik Katsina United yo kite anflanm anvayi tèren an. Yo pran jwè a yo trangle l jouk li mouri.
Anyen poko di bò kote otorite yo pou vye zak malonèt sa ki pase sou jwè foutbòl la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou