Ansyen entènasyonal grenadye a Charles Herold Jr dirije premye match li nan karyè l kòm antrenè. Ansyen jwè Tempête FC a ki ap dirije ekip la genyen premye match li 2-1 nan karyè antrenè l.
Ansyen grenadye Charles Herold Jr kòmanse chapit antrenè li ak yon premye siksè. Charles Herold Jr retounen nan peyi l kote li vin antrene premye klèb nan karyè l kòm antrenè. Jèn lan ki apèn resevwa lisans antrenè l ap fè premye eksperyans li nan ansyen klèb li Tempête FC.
Pou premye match li nan tèt ekip la, Charles Herold Jr genyen FICA 2-1 nan kad premye match ekip la nan seri kloti chanpyona nasyonal la. Bèl Kolòn yo ki t ap konnen yon seri nwa nan chanpyona nasyonal la fè premye viktwa yo aprè 7 match.
Gou siksè sa vini anba lòd Charles Herold Jr ki ap antrene premye ekip nan karyè l. Ansyen grenadye a (29 seleksyon) byen kòmanse karyè l ak yon bèl siksè kont yon gwo ekip nan chanpyona nasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou