Entènasyonal ayisyen an, Duckens Nazon, ap viv yon moman difisil nan peyi Iran, kote li ap evolye kòm jwè anndan ekip Esteghlal FC a. Yon sitiyasyon ki debouche sou lagè ki eklate ant ameriken ak peyi Arab la. Anpil frap militè sou kapital sa ki fòse plizyè etranje, pami yo jwè foutbòl, ap chèche mwayen pou sove lavi yo.
Nan yon seri temwanyaj chokan li pataje sou estati Snapchat li, Duckens Nazon pa kache pè li. Anvan li kite mo sa yo ki sòti nan bouch li anvan li te monte yon ti machin san pwoteksyon pou al mete li sou fwontyè a, li te klèman montre dezespwa ak enkyetid li fas ak danje ki sou wout yo : "Mwen pa menm konnen si m ap rive vivan sou fwontyè a.”
Deklarasyon sa a mete an limyè reyalite brital anpil moun ap viv sou teren an, kote deplase vin tounen yon risk. Selon dènye “update” jwè a pataje, li anfòm fizikman, men li toujou ap chèche solisyon ak koyekipye li yo pou kite Teheran san danje.
Duckens Nazon se jwè klèb iranyen Esteghlal FC, youn nan pi gwo ekip nan chanpyona peyi a. Men, lagè a vin boule tout plan espòtif, mete lavi moun an danje, epi fòse jwè yo panse an premye a sekirite yo olye de foutbòl.
Nan menm peryòd la, tansyon diplomatik yo ap ogmante tou. Donald Trump te lanse yon iltimatòm 10 jou bay Iran pou rive jwenn yon akò. Sa ki pa t rive fèt, se pou rezon sa prezidan ameriken an leve li bonbade kapital la, anpil moun deja mouri.
Pou kominote ayisyen an, temwayaj Duckens Nazon an se yon rapèl fò sou reyalite lagè a ak konsekans li genyen sou lavi sivil li, menm pou atlèt pwofesyonèl yo. Anpil fanatik, fanmi ak sitwayen ap kontinye leve vwa yo pou mande pwoteksyon ak asistans pou tout Ayisyen ki bloke nan zòn konfli yo.
Pandan konfli a ap kontinye, lapriyè ak solidarite rete sèl fòs moral pou sipòte Duckens Nazon ak tout lòt moun k ap lite pou sove lavi yo nan yon Iran ki anba gwo frap ameriken.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou