Dimanch premye mas k ap vini la, premye jounen seri kloti chanpyona nasyonal Paryaj Lakay la ap kòmanse. Pou lansman an, plizyè klèb gentan mobilize pandan y ap prepare yo pou konpetisyon sa.
Dimanch premye mas k ap vini la, premye jounen seri kloti chanpyona nasyonal Paryaj Lakay la ap kòmanse. Pou lansman an, plizyè klèb gentan mobilize pandan y ap prepare yo pou konpetisyon sa.
Nan lakou Okay, chanpyon 2024/2025 lan Juventus des Cayes, te gen pou resevwa Racing Club Haïtien nan Land des Gabions pou demare konpetisyon an. Men daprè yon nòt responsab kominikasyon klèb Solo a pibliye sou paj Facebook klèb lan, li fè konnen rankont ant 2 fòmasyon yo ranvwaye pou yon lòt dat.
Selon sa Marcval Esmeus ekri, li fè konnen se akoz klèb pòtoprens lan ap fè fas ak anpil difikilte ki lakoz yo p ap kapab vini jwe rankont sila. Akoz de kontrent sila, match la ap pwograme pou yon lòt dat e y ap gentan fè gran piblik lan konnen kilè.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou