Ayè 28 fevriye 2026 la, Etazini ak Izrayèl te lanse yon seri de frap militè kont yon seri de sit enpòtan nan peyi Iran, sa ki debouche sou yon gwo konfli nan Mwayen Oryan an. Yon seri konfli ki gentan gen gwo konsekans ni sou lavi sivil yo ni sou anpil disiplin nan espò a, sitou sa ki rele foutbòl la.
Iran pa t rete bwa kwaze tann li reponn ak lansman misil ak dròn sou diferan peyi nan rejyon an, sitou kote ki gen prezans baz ameriken ak alye yo. Sa lakòz anpil peyi nan Gòlf la fè reyinyon ijans pou fèmen espas ayeryen yo akòz risk ki genyen pou pwoteje vi moun yo.
Konfli sa a pa afekte sèlman zafè politik oubyen militè li gen efè dirèk sou lavi sivil ak sou espò entènasyonal la. Seri frap sa yo deja kòmanse fè gwo domaj nan kalandriye espò Mondyal la. Men kèk nan pi gwo konsekans yo :
• Patisipasyon Iran nan Mondyal 2026 la an danje. Prezidan federasyon foutbòl Iran an fè konnen patisipe nan Mondyal 2026 la, ki ap fèt Ozetazini, Kanada ak Meksik, vin tounen yon kesyon ouvè. Pou kounye a li pa klè si Iran prale nan tounwa a poutèt sitiyasyon sekirite ak tansyon politik yo. Sitou nan yon faz kote tout twa (3) match premye gwoup Iran yo ap jwe sou tè ameriken.
• Tout match foutbòl nan peyi Kata sispann. Dirijan Kata yo te anonse yon desizyon san parèy: sispann tout match ak konpetisyon foutbòl nan peyi a jiska nouvèl òd.
• Match ki te planifye ant Espay ak Ajantin, ki te prevwa pou 27 mas 2026 la nan vil Doha, pa gen dat fiks ankò epi li ka swa ranvwaye oswa anile akoz kriz la.
• Yon match krikèt ant ekip Pakistan Shaheens nan ak Angletè nan Abu Dhabi ki te pwograme jodi premye mas la anile.
Nan mond kous machinn nan, F1, yon tès kawotchou te dwe fèt nan Bahreïn, te rive anile akoz tansyon militè yo ak risk pou sekirite ekip teknik yo.
Konfli a pa sèlman afekte match li gen yon gwo enpak sou vwayaj entènasyonal paske anpil ayewopò ak espas ayeryen nan Mwayen Oryan an fèmen oswa limite. Sa lakoz vwayajè ak ekip espòtif rete bloke oswa bezwen chanje plan yo.
Konfli sa a mete anpil bagay an kesyon, li ka chanje kalandriye espò mondyal la si li kontinye, sitou si sitiyasyon sekirite pa amelyore. Federasyon espòtif yo ap swiv sitiyasyon an, yo pral pran plis desizyon selon evolisyon politik la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou