ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Aston Villa sou yon bèl seri nan tout konpetisyon li ap patisipe yo

imaj atik la

29 desanm 2025   Benswilkenson Jean   759

Aston Villa ki gen nan tèt antrenè espanyòl la Unai Emery ap konnen yon bèl pakou nan premye tranch sezon an. Aprè yon kòmansman konplike nan chanpyona a, The Villan's yo ap drese bak yo match aprè match. yo ap konnen yon bèl moman pou premye manch sezon an. Aston Villa sou yon seri 11 match san pèdi.


Viktwa yo kont Chelsea an deplasman nan 17èm jounen Premier League la (1-2) vini kòm 11 match yo depi yo pa konnen ni match nil ni defèt nan tout konpetisyon yo patipe yo. Seri sila kòmanse depi aprè re defèt yo 2-0 nan Anfield la kont Liverpool nan dat premye novanm pase a.

Bon pakou sa pral kòmanse aprè viktwa yo 2-0 nan Europa League la kont Maccabi Tel Aviv, ki se yon klèb izrayelyen. Depi lè a kabwèt la demare pou bon, kote yo fè 11 viktwa youn kole ak lòt.

Nan pakou sa, yo make 26 gòl yo pran 11 gòl. Pandan tren viktwa sa ap pase menm ekip Arsenal la pa t epanye. Mikel Arteta ak Gunners li yo te pran 2-1. Ruben Amorim pase anba woulo a tou 2-1. Dènye antrenè ki pran nan bwa kale Unai Emery a se Enzo Maresca ki sot pran 2-1 sou pwòp tèren l ak Chelsea.

Pou kounya Aston Villa twouve l nan 3èm plas Premier League la ak 39 pwen aprè 17 jounen. Kanta nan Europa League la yo nan 3èm plas la tou ak 15 pwen aprè 6 jounen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou