Kontinan ewòp la bay yon sezisman. Pandan lòt chanpyona yo poko konnen kiyès ki ap chanpyon, PSV Eindoven gentan pran twofe l aprè sèlman 29 jounen nan chanpyona Peyiba a.
Chanpyona Peyi Olann lan sou 29èm jounen l pou sezon 2025-2026 la. Aprè 29 jounen sa a, klèb PSV Eindoven lan ki te kenbe chanpyona a nan gòj deja asire tit chanpyon l pou sezon sa ak 71 pwen aprè 29 jounen sa yo.
Sou 29 jounen ki jwe deja nan Eredivisie a nan Peyiba, PSV Eindoven rekòlte 71 pwen. Yo fè 23 viktwa, yo fè sèlman 2 match nil epi yo pèdi sèlman 4 fwa. Antrenè olandè a Peter Bosz, kraze chanpyona a aprè selman 29 jounen pou bay PSV Eindhoven 27èm twofe chanpyona Peyiba a.
PSV depase advèsè ki te kole nan do l nan klasman an trè lwen ak 17 pwen anplis li nan tèt klasman an. Feyenoord ki dezyèm pa gen okenn chans genyen chanpyona a menm si Peter Bosz ta pèdi tout rès match yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou