Nan mèkato ki te fèt nan ete a, dirijan Milan AC yo ki t ap chèche ranfòse efektif la, te fè chwa Nkunku pou atak la. E depi lè li rejwenn klèb la, atakan fransè a mal pou reponn ak atant yo. Wikenn sa ki sot pase a, ansyen jwè Chelsea a fè sonje li toujou la ak yon double pandan li jwenn sipò koyekipye l yo ak antrenè a ki pale pou li nan mikwo laprès.
Sou 12 rankont yo jwe nan Série A a, Christopher ki t ap krache dife ak Leipzig, make 2 gòl sèlman sa ki pa konvenkan lè nou konnen kalite jwè a. E 2 gòl yo vini nan viktwa Milan AC fè (3-0) soy klèb Vérone lan nan kad match 16èm jounen chanpyona italyen an.
E pou fè santi kòman li kontan, Massimiliano Allegri ki t ap reponn kesyon jounalis yo reponn pou di :
"Mwen kwè se yon kesyon adaptasyon, anpil presyon pa rapò ak transfè 37 milyon ewo sa. Malgre sa tout moun ap di, chanpyona italyen an trè fòmatè. Aprè Angletè, se dezyèm pi bèl chanpyona ki genyen, men li pi difisil. Gen mwens espas, ekip advès yo monte wo pou mete presyon, ekip yo malen e match yo di. Teknikman, mwen wè nan antrènman, li fò anpil. Mwen konfyan, li dwe konsa tou. Li nan yon anviwònman ki vle l". Deklarasyon antrenè Rossoneri yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou