Pandan 16èm jounen serie A italyen an, klèb Fiorentina a te eseye reprann li fas Udinese aprè plizyè rankont ap soufri. Men nan rankont 17èm jounen an jodi samdi a, Viola yo wè klèb Parme lan tounen antre klou sa ki te kòmanse rache pifon toujou ak yon grenn gòl.

Aprè Fiorentina te finn byen resezi l 6 jou anvan fas Udinese (5-1), yo pa rive fè yon rezilta lakay Parme pou eseye sòti nan sa yo ye a. Sou 17 rankont, klèb la anrejistre 10èm defèt li nan chanpyona a pou sezon an. Akoz kou nan do sa, ekip la toujou klase l kòm bon dènye pou jounen sila.
Men anvan kout siflè ki te anonse tout bagay fini an, rankont sa ki pa t manke okazyon pou bay tout moun plezi, fini ak 13 chout kote Parme e 23 pou vyola yo ki tonbe an deplasman.
Rankont sa ki fini (1-0) an favè pamezyen yo te wè milye tèren Danwa Oliver Sørensen bitè sou yon kout tèt, pou bay 4èm viktwa ak klèb la nan chanpyona a. Aprè 4èm sa, Ducali yo pwente nan 14èm plas la anvan lot match yo jwe.
Gigliati yo kote pa yo ki okipe 20èm plas chanpyona italyen an ak sèlman 9 pwen aprè 10 jounen. Si yo vle pwogrese e sòti kote yo ye a, klèb la dwe fè tout posib pou genyen Cremonese nan pwochen jounen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou