Nan 25èm jounen Serie A ki te mete fas pou fas Juventus Turin kont Inter Milan, abit ki te gen responsablite pou dirije rankont lan fè yon erè ki lakoz l ap viv ak kè kase swit ak presyon fanatik ap bali.
Nan 25èm jounen Serie A ki te mete fas pou fas Juventus Turin kont Inter Milan, abit ki te gen responsablite pou dirije rankont lan fè yon erè ki lakoz l ap viv ak kè kase swit ak presyon fanatik ap bali.
Nan defèt Juve fè 3-2 pou rankont chòk fas Inter Milan an, abit Federico La Penna te bay yon katon wouj ak Pierre Kalulu aprè yon aksyon ki pa t vrèman mande pou abit la te sevè nan nivo sa.
Kòm repons ak desizyon Penna, anpil moun ap fè l menas lanmò sou rezo sosyal yo jis sa rive fè lapolis mande l pou rete lakay li pou moman an. Kote responsab abit yo, konsène a sispandi pou 3 mwa aprè erè li komèt lan.
Bò kote klèb Juventus la, Damien Comolli tonbe anba sanksyon Lig italyèn lan ki sispann li jiska 31 mas e pouse l yon amand 15 000 ewo. Direktè espòtif tirinwa a sanksyone poutèt yon konpòtman agresif ak entimidasyon anvè Federico La Penna. Reyaksyon Damien an te vini pandan poz mitan nan moman yo te nan tinèl la pou montre mekontantman l kont desizyon abit la.
Enstans ki ap mennen foutbòl italyen an repwoche dirijan an paske li te tante yon kontak fizik ak ofisye a ak vye pwopo ensiltan li te lanse yo.
Pou sa pa t dejenere, antrenè a Luciano Spalleti te oblije fè entevansyon ak kèk manm nan estaf la. Giorgio Chiellini kote pa l jwenn yon sanksyon jiska 27 fevriye pandan abit la kontinye sibi menas sou rezo a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou