ITALISerieASerieBCoppaItaliaLòt
AKÈY ITALI SerieA

SerieA

Antonio Conte eksplike kòman li wè pwogresyon Højlund

imaj atik la

30 desanm 2025   Neuvième Junior   1347

Pandan 2 sezon nan Manchester United, Ramus Højlund ki t ap evolye anndan klèb Atalanta a, pa t janm kapab enpoze li jan sa te dwe fèt. Malgre klèb anglè a te depanse 77,8 milyon ewo pou sèvis li, dirijan yo oblije prete entènasyonal Danwa a ak Naples.


Avèk prè sa, ansyen jwè Manchester a te gen posiblite pou relanse pandan li ap kontinye pwouve talan l. Anba zòd Antonio Conte, atakan Danwa jwe 12 rankont nan Serie A, li deja make 6 gòl ak Naples. Nan Sipèkoup lan se 2 match yon gòl e nan C1 an 5 match 2 gòl. Pami 6 gòl sa yo, atakan 22 lane a te frape 2 fwa pou pèmèt Napoliten yo bat Cremonese (2-0).
Pou montre enpòtans jwè a, Antonio Conte fè elòj jèn talan sa.


"Se yon trè jèn jwè, li sèlman gen 22 lane e kapab amelyore. Depi lè li vini, li vin yon jwè dominan. Li konprann pòs li, kòman pou l deplase e lè pou l dekwoche, li lye ak ekip la. Nan foutbòl mwen an, atakan yo enpòtan anpil e yo gen yon wòl patikilye nan konstriksyon jwèt la. Højlund gen yon bèl pwogresyon." Asirans kotch italyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou