Pòtigal ak fanatik li yo t ap atann yon aprè midi byen pezib ak yon kalifikasyon pou Koup Dimond lan, epi wè Cristiano Ronaldo petèt mete yon lòt rekò, men se te byen konte mal kalkile. Ekip la pèdi 2-0 kont Ilann. Yo ap kite peyi Ilann men vid ak dout pou dènye match yo a kote yo p ap gen CR7 ki te pran katon wouj nan match jodi a.
Cristiano Ronaldo ki bati yon karyè nan fè aktyalite sou tèren an ak rekò pozitif te twouve l nan yon sitiyasyon li pa abitye. Anviwon 15 minit nan dezyèm mitan an, atakan pòtigè a pran yon katon wouj dirèk sou yon kout koud li bay yon defansè ilandè (Dara O'Shea).
Oparavan abit la te sèlman bay yon katon jòn, men VAR te ede l wè jès la te merite yon pi gwo sanksyon. Kit katon an jistifye kit li sevè, Cristiano Ronaldo p ap la nan dènye jounen an kote Pòtigal ap bezwen yon viktwa pou asire kalifikasyon yo san grate tèt.
Si gen yon moun ekip Pòtigal la pa byen san li se Cristiano Ronaldo, malgre laj li. Depi Roberto Martinez pran tèt ekip la, Ronaldo rate 4 match ak ekip la e rezilta yo se 2 viktwa kont ti ekip (Finlann ak Liksanbou) epi 1 match nil ak 1 defèt (kont Kowoasi chak fwa). Ronaldo toujou prezan e li se meyè bitè ekip la nan kalifikasyon yo ak 5 gòl, lòt pi bon bitè a gen 2.
Pòtigal ap jwe dènye match yo a lakay yo kont Ameni, pa ta dwe gen difikilte pou yo bat men balon an won pou tou de ekip yo e Pòtigal vin gen plis presyon sou do yo akòz si yo pa genyen, yon bèl viktwa Ongri kont Ilann ap mete yo nan kouri.
Ronaldo deja wè wouj, èske Pòtigal pral wè menm koulè sa? Randevou dimanch maten.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou