ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY CopaDelRey

CopaDelRey

Alvaro Arbeloa make listwa ak Real Madrid

imaj atik la

15 janvye 2026   Benswilkenson Jean   659

Jèn antrenè espanyòl la Alvaro Arbeloa ki apèn pran tèt ekip Real Madrid la make listwa kòm premye antrenè ki elimine pou premye match li ak klèb Merenge a nan Copa del Rey


Jèn Antrenè espanyòl 42 lane a Alvaro Arbeloa mal kòmanse pou premye match li ak ekip Real Madrid la. Kèk jou aprè l fin pran yon imilyasyon ak ekip B a 4-1 kont ekip Arenas Club la, Arbeloa pran yon lòt imilyasyon nan men yon klèb dezyèm divizyon pou premye match li nan tèt ekip Real Madrid la 3-2.

Defèt sa antre nan listwa kòm premye antrenè Real Madrid ki elimine pou premye match li nan Copa del Rey la.

Alvaro pran yon kalòt marasa nan men ekip dezyèm divizyon an Albacete a 3-2. Yon defèt ki kite yon gou anmè nan bouch jèn antrenè e ki ap rete yon tach nan jèn karyè l.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou