Gunners yo montre jodi madi 30 desanm lan yo se youn nan gwo favori pou ranpòte Premier League lan sezon sa. Nan okazyon 19 jounen chanpyona anglè a, Arsenal fè yon sèl bouche ak Aston Villa epi ranfòse pozisyon yo nan tèt klasman an.
Nan yon match pratikman fasil, jwè Mikel Arteta yo reyisi metrize Aston Villa ki te rete sou yon long seri 11 viktwa youn aprè lòt. Gunners yo genyen match lan 4-1 gras ak yon gwo pèfòmans kolektif.
Aston Villa k ap fè yon trè bon sezon jiskaprezan, pa t kapab kanpe anfas machin Gunners lan k ap domine chanpyona anglè a. Avèk 2 gòl nan chak mitan, Arsenal bat match lan epi pran distans li ak Manchester City ki vini touswit aprè.
Bitè Gunners yo se Gabriel, Zubimendi, Trossard ak G. Jesus. Pou Aston Villa se atakan vedèt yo an, Ollie Watkins ki te sove lonè nan tan adisyonèl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou