Seleksyon nasyonal Ekòs lan anonse jodi dimanch lan konvokasyon jèn mitan tèren Manchester United lan, Tyler Fletcher, pou ranplase Billy Gilmour ki blese nan dènye match amikal Ekòs jwe ayè samdi an kont Kiraso.
Mitan tèren 19 lane an jwenn favè seleksyonè ekosè lan, Steve Clarke, ki konvoke l pou konplete efektif ekip nasyonal Ekòs lan pou Koup Dimond 2026 lan.
Tyler Fletcher ki pa jwe anpil pandan sezon an avèk ekip pwofesyonèl Manchester United lan, pral kapab viv youn nan pi bèl eksperyans nan karyè foutbòl li avèk konvokasyon sikonstansyèl sa.
Jèn mitan tèren an se pitit ansyen jwè Red Devils yo, Darenn Fletcher, ki te fè bonè ekip Manchester United lan ki te ranpòte Ligue Des Champions an nan lane 2008.
Konsènan Billy Gilmour, mitan tèren SSC Napoli an te sòti blese fas Kiraso sèlman aprè 42 minit jwèt lan. Pou montre solidarite avèk jwè an, delegasyon seleksyon ekosèz la te pote vès ki genyen nimewo 8 Bill Gilmour abitye pote nan seleksyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou