Seleksyon ayisyèn nan ki pral patisipe nan Mondyal 2026 la nan kèk jou reflete byen reyalite dyaspora ayisyèn nan. Sou 26 jwè antrenè a rele yo, majorite fèt aletranje, pandan plizyè lòt fèt sou bout tè papa Desalin nan.
Daprè done yo, se Lafrans ki bay plis jwè nan lis la ak 12 foutbolè, sa ki reprezante 46,2 % nan total la. Jwè sa yo se: Johny Placide, Alexandre Pierre, Jean-Kévin Duverne, Martin Expérience, Jean-Ricner Bellegarde, Dominique Simon, Ruben Providence, Yassin Fortuné, Wilson Isidor, Lenny Joseph, Duckens Nazon ak Josué Casimir, malgre li fèt nan peyi Gwadloup. Pa rapò ak lè nou konnen zile sa se yon teritwa fransè, nou oblije konsidere l tankou moun ki gen orijinn peyi Emmanuel Macron an.
Ayiti klase dezyèm ak 10 jwè, avèk 38,5 % nan lis la. Pami yo genyen Carlens Arcus, Wilguens Paugain, Ricardo Adé, Hannes Delcroix, Frantzdy Pierrot, Danley Jean-Jacques, Leverton Pierre, Carl Fred Sainté, Don Deedson Louicius epi Woodensky Pierre.
Gen 2 jwè nan seleksyon an ki fèt Etazini, Duke Lacroix ak Derrick Etienne Jr., ki reprezante 7,7 % nan total la.
Kanada gen yon sèl reprezantan, Josué Duverger, pandan Laswis gen yon sèl jwè tou ki se Keeto Thermoncy. Chak peyi sa yo reprezante 3,8 % nan gwoup la.
Repatisyon sa a montre ki fòs dyaspora ayisyèn nan genyen nan devlopman foutbòl nasyonal la. Kit yo fèt Ayiti, Lafrans, Etazini, Kanada oswa Laswis, 26 jwè sa yo gen menm misyon an: defann drapo ayisyen an epi ede seleksyon an reyalize rèv li sou sèn entènasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou